Mèsi pou interè ou nan evènman Retounin Lekòl PBC. Enskripsyon fèmen kounye a.
FAQ:
- Ki dat evènman an? Evènman ap fèt 22 Jiyè 2023.
- Ki kote evènman ap fèt? Evènman ap fèt nan diferan lokasyon nan Palm Beach Conty. Yap voye yon envitasyon bay tout elèv ki te anrejistre, envitasyon an ap montre ki kote elèv la dwe ale daprè adrès paran elèv la epi kibò elèv la te anrejistre .
- Èske mwen bezwen pote dokiman nan evènman an? Tout elèv ki te anrejistre dwe pote yon envitasyon pou yo ka patisipe nan evènman an.
- Ki lè map resevwa envitasyon an? Yap voye envitasyon yo pandan de premye semèn mwa Jiyè a, nan adrès imèl ki nan dosye a, oswa yap voye’l pa lapòs. Gen ajans kap bay paran oswa elèv la envitasyon an dirèkteman. Gen lòt ajans kap voye’l pa lapòs.
- Ki jan mwen ta ka sèvi kòm volontè nan evènman? Si ou interese sèvi kòm volontè nan evènman an, tanpri indike interè ou klike sou sit saa HERE, epi nap kontakte ou lè paj ofisièl la ouvri.
- Mwen rate dat limit enskripsyon an, èske mwen ka toujou enskri? Non, nou paka aksepte enskriptyon aprè dat limit la. Nou fè kòmand sak lekòl yo dapre moun ki anrejistre nan dat limit la ak finansman ki disponib. Malerezman, nou pa ka kòmande sak lekòl pou moun ki pat enskri a lè.
- Ki lè enskripsyon ap ouvri ankò? Enskripsyon pral ouvri ankò o zanviron premye fevriye 2024.
- Èske gen lòt fason pou’m jwenn sak lekòl ak founiti klasik pou lekòl? Yon lis evènman ki ouvri pral disponib nan mwa Jiyè, nap mete lis la sou sit la.
- Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri voye mesaj nan imèl sa [email protected]. Nou pa ka fè esepsyon aprè dat limit enskripsyon pase. Mèsi pou konpreyansyon ou.